top of page
IMG_3840.JPG

Depatman pou etid lang

Reyisit yon pèp an jeneral depann de relasyon li genyen ak lang li. Donk, reyisit pèp Ayisyen an depann de relasyon li genyen dabò ak Kreyòl la answit ak lòt lang yo. Se pou sa yon depatman lang/lengwistik nan SantRova enpòtan anpil.

haiti-map-vector-1604601_edited_edited.png

Kreyòl

Franse
Espanyòl
Kiswahili
Laten
Grèk
Bedina.jpeg
Bedina.jpeg
SantRova_building_edited.jpg

Achille Bedina, kowòdonatris

Mwen fèt Tirivyè Latibonit/Ayiti. Mwen se Etidyan nan lengwistik nan Fakilte Lengwistik aplike/Inivèsite Leta Ayiti. Mwen vle rive nan nivo doktora nan lengwistik, espesyalman nan sikolengwistik ak analiz diskou. Paralèlman, mwen vle fè yon etid nan relasyon entènasyonal.

 

Nan tan lib mwen, mwen li, roman sitou, epi mwen tande mizik.

SantRova_building_edited.jpg
SantRova_building_edited.jpg

Jean Falandy,
vis-kowòdonatè

Mwen fèt lopital Charles Colimon nan Tirivyè Latibonit. Mwen se elèv klas tèminal nan lekòl Notre Dame de Fatima.

Etid mwen ta renmen fè se jeni achitektiral oubyen sivil ak entreprenarya.

 

Pou m amize m, mwen jwe jwèt videyo, fè lekti ak mizik.
 

Falandy-foto.jpg

Poukisa nou egziste ?

Objektif premye depatman lang nan SantRova se moutre ki enpòtans aprantisaj nan lang premye yon moun genyen epi fè konesans ak lòt lang tou. Epi nou vle moutre kòman lang marye ak kilti, ak devlòpman, sa ki vle di pa ka gen kilti san lang, pa ka gen devlòpman dirab san lang.

Nan depatman lang lan, nou vle

 

  • Moutre enpòtans lang nan lavi moun, ak enpòtans lang kreyòl nan lavi chak Ayisyen anpatikilye.

  • Aprann konnen lang kreyòl se pi bon zouti pou Ayisyen pwodwi, fè lasyans elt…

  • Fè yon tradiksyon dokiman yo ki ap reflete travay la nan yon kreyòl senp, bazilektal (rejyonal).

  • Analize yon seri manyèl eskolè pandan n ap kalke l ak reyalite peyi a nan tout sans.


Nou atann nan kèk ane ankò, 5 an pou pi piti, pwoblèm lang lan, kreyòl an patikilye, rezoud lakay tout moun ki frekante SantRova gras ak yon seri aktivite ki ap gen pou fèt. Sa pa vle ditout moun pral pale tout lang, men se pito kraze tout jijmann valè ki gen sou lang. Tankou nou abitye tande kreyòl pa lang, espanyòl se pi bèl lang elatriye…

Vin etidye avè n!

ansanm n ap bati demen jodiya

Deskripsyon aktivite yo

Deskripsyon aktivite yo Pou nou kapab ede moun yo gen plis familyarizasyon ak bon jan kreyòl la, nou konte reyalize ansanm aktivite sa yo:

1. Konferans/deba.

2. Kozri.

3. Pwodiksyon tèks kreyòl.

4. Prezantasyon tèks (dokiman, liv, revi an kreyòl).

5. Prezantasyon kontni tankou fim, emisyon, atik, dokimantè ki soti an kreyòl oubyen ki soti nan lòt lang men ki tradwi an kreyòl.

6. Diskisyon sou pwovèb ak ekspresyon idyomatik.

7. Prezantasyon sou pèsonalite ki enpòtan nan zafè kreyòl (sineyas, moun ki fè dokimantè, fotograf, tradiktè, powèt, womansye, aktè, jounalis, eseyis elt…).

8. Pwojeksyon/tradiksyon fim ak dokimantè an krey l.

9. Tradiksyon liv ak atik ki enpòtan an kreyòl.

10. Revizyon liv eskolè ki ap sèvi nan aprantisaj la.

ADB foto 2.jpg

"Atitid moun genyen anvè yon lang preske toujou koresponn ak atitid yo genyen anvè gwoup moun ki pale lang la (yo). Lè yon gwoup moun resevwa respè ak admirasyon, lang li pale a resevwa respè ak admirasyon."  --Arthur K. Spears, lengwis

bottom of page