top of page

Bibliyotèk Marie A. Charlot-Buteau :
yon sous konesans ak fòmasyon enpòtan pou tout moun!

Anide.JPG

Marie Anide Charlot-Buteau

9 desanm 1939 - 2 septanm 2020

      Marie Anide Charlot-Buteau, oubyen Anide, jan majorite moun te konn rele l, te yon edikatris modèl ki te bay konesans anpil enpòtans e ki te pratike ekselans nan tout sa l te konn fè. Fasil pou souri menm lè l ap soufri, prezans li te sifi pou jayi lajwa nan kè moun. Plis toujou, yon lanmou fò pou tout moun te motive tout aksyon l. Se pou sa espesyalman nou konsidere l pami pi gran moun ki janm mache sou tè a.     

     Anide te gen yon talan ra nan domenn ansèyman e li te pase plis pase 30 lane ap anseye atravè plizyè depatman Ayiti. Kirye rive jis nan zo, li te toujou ap chèche, toujou ap poze kesyon, toujou ap aprann. A katrevenzan, yon ane anvan li te pran dènye souf li, li te kontinye ap li ak apeti e li te kontinye fè prèv yon enterè vif nan ide ak konvèsasyon serye.

 

     Anide pa t janm bliye mizè ki te karakterize anfans ak jenès li yo. Sa te kreye nan li yon kapasite san paralèl pou li idantifye ak soufrans lòt moun. Toujou rekonesan e toujou sansib ak bezwen lòt moun, li te konstamman dispoze l pou l sakrifye pou avansman yon lòt. Li te pran plezi pou l ede lòt moun viv e reyisi san l pa fè okenn egzijans. 

     Pou rezon sa yo ak anpil lòt toujou, nou konsidere sa yon gran onè pou bibliyotèk SantRova a pote non Marie Anide Charlot-Buteau, yon gran imanis e filantwop otantik, yon pansè serye, e pi enpòtan toujou, yon modèl pou tout moun anjeneral, e pou jenès ayisyen an anpatikilye.

Books
SAC-4-Loudmia_edited.jpg

    

      BMACB se yon espas spesyal ki la pou rechèch apwofondi nan yon kantite sijè. Se yon espas pou moun li, ekri, poze kesyon epi kolabore nan aksyon ki ka sèvi kominote a. Ak yon koleksyon 1,500 volim, ase òdinatè pou yon douzèn moun travay anmenmtan ak sèvis entènèt rapid, BMACB gen misyon pou l louvri imajinasyon an e mete l sou chemen dekouvèt. Se yon veritab matris pou rechèch ki ale lwen, ki rive fon e ki ede Ayisyen viv pi byen.

 

      BMACB se kote tou ki responsab pou anpil lòt inisyativ anndan SantRova tankou fòmasyon pou pwofesè ki vle pouse pouvwa ansèyman yo ale nan yon nivo konpetans ki pi avanse. Se atravè BMACB toujou SantRova ap avanse misyon li pou li anrichi kominote Tirivyè a pandan l ap ogmante kowezyon sosyal nan rejyon an. BMACB se yon sous konesans ak fòmasyon pou tout moun!

Tout kalite liv!

lòt liv.JPG
bottom of page