top of page

Kad konseptyèl : suit

Alyenasyon sa vizib sitou nan enkapasite aparan Ayisyen genyen, an jeneral, pou li rekonèt valè tèt li, e pa ekstansyon, valè kolektivite a. Li aparan tou nan enkapasite nou pou nou pataje yon vizyon komen ki ale odela de enterè pèsonèl nou. Li menm fè enpak sou kapasite nou pou nou kreye, pwodui e menm inove. Ki pi gran efè alyenasyon sa? Li mete nou andeyò pwosesis istorik la.

chema.JPG
Anide_flower.JPG

Alò, kolonyalizm pa sèlman kreye okazyon pou denye nou, sitou antanke moun nwa, plas lejitim nou nan pwosesis istorik la. Li pi mechan toujou. Li grave espri eksklizyon sa nan mouvman ki defini pèsonalite a menm, e tankou yon viris, li pwofite de pwosesis natirèl ki karakterize lavi nou pou l repwodui tèt li. Si nou byen gade, n ap ka rekonèt efè enfeksyon sa toupatou nan peyi a, ke se nan arèn politik, ekonomik, relijye oubyen edikatif la. Pa gen okenn moun, enstitisyon oswa aktivite li pa touche.

 

Nan SantRova, n ap travay pou nou inifye eleman psikospirityèl yo – nan direksyon vètikal la tankou nan direksyon orizontal la – pou nou ka rezoud konfli ki anvigè anndan pèsonalite a menm. N ap restore pèsonalite a nan fonksyònman entèn li, nan relasyon l ak kò a e nan angajman l nan espas sosyal la. Pou nou atenn objektif sa, n ap favorize aktivite ki gen plis potansyèl pou efektye gerizon total pami nou – gerizon psikospirityèl e kòporèl, endividyèl e kolektif. Alò, nan SantRova, nou kwè nan pouvwa moun, e nan kapasite Ayisyen anpatikilye, pou nou konekte youn ak lòt, kreye kominote kote timoun tankou granmoun ka santi yo ansekirite e viv yon vi ki alafwa rich e anrichisan.

Alò, nou vle rekonèt omniprezans kolonyalizm pami nou toujou. Jan Césaire di l la, kolonyalizm gen pouvwa pou li fè  gwo dega nan lavi nou toujou: "[il] peut opprimer encore, écraser encore et peut-être plus sauvagement que jamais." Men, Césaire kontinye, plas li te asime lontan an pa asire ankò. "Il se sait périssable et il a perdu son assurance historique." Dayè, Lespri limanite rezilyan e li pèsiste malgre aso kontinyèl pou ekstenye li. Lè nou konsidere nan ki kondisyon – fizik, sosyal ak psikospirityèl – zansèt nou yo te akouche libète nou, san bliye fason Ayisyen an lite chak jou pou l reziste fòs k ap chèche toupizi l yo, nou ka wè kijan lespri sa manifeste nan yon fason spesyal pami Ayisyen. Alò, nan yon bò, nou gen efè destabilizan e menm dezimanizan kolonyalizm yo, k ap efektye destabilizasyon onivo psikospirityèl pèp kolonize a; nan lòt bò a, nou rekonèt lespri k ap travay san rete pou l reziste destriksyon total pèsonalite a. Pou nou retounen sou pawòl Césaire la, chozifikasyon se yon aksyon li ye. Se tankou yon kouran oubyen yon fòs ki dezinye pou l redui lavi pèp kolonize a – nan fason l trete l, nan jan l fòmè l – jiskaske l ap viv kòm si li pa t moun. Alò, fòs destriksyon an reyèl e efè l yo reyèl. Men rediksyon total pèsonalite a nan yon eta objè pa yon fè akonpli.

Nan SantRova, n ap selebre pouvwa limanite nan tout bote ak posibilite.

bottom of page