top of page

Byenvini nan SantRova

kote n ap travay ansanm pou nou kreye demen jodiya.

Kiyès nou ye?

Kiyès nou ye?

SantRova vle di sant pou rechèch ak refleksyon ki oryante vè aksyon. Se yon inisyativ Enstiti Ayisyen ki nan Atlanta e li kreye pou sipòte misyon Enstiti a pou l ede Ayisyen reyisi. SantRova gen plizyè depatman : yon laboratwa chimik ak byolojik, yon bibliyotèk milsenksan volim ak yon sant pou etid lang. Anplis, SantRova sèvi kòm syèj pou yon depatman rechèch stratejik, i.e., yon kominote entèdisiplinè, ki regwoupe yon demi douzèn etidyan – san konte chercheurs en résidence ki konn vizite nou detanzantan – ki angaje nan rechèch ki konsène lavi Rivatibonisyen yo anpatikilye, e tout Ayiti anjeneral.

 

Yon depatman pou devlòpman ak fòmasyon timoun ap gen chaj pou li òganize tout sòt aktivite--club syans, club literè, club echèk, elatriye--pou inisye timoun yo, kòmanse nan laj senkan pou pi piti, nan panse ak aktivite syantifik e kolaboratif.

SantRova gen yon misyon doub:

  1. Ankouraje rechèch entèdisiplinè ak panse kritik atravè pwogram ak aktivite ki dezinye pou kiltive yon espri kiryozite, dekouvèt, kreyativite ak kolaborasyon

  2. Poze aksyon konkrè pou sipòte devlòpman dyalòg, konesans mityèl ak kowezyon sosyal nan kominote l ap sèvi yo.

Filozofi nou

Latòti1_edited.jpg

Misyon SantRova bati sou yon ideyeloji dekolonyal. Tout aktivite sant lan ap kanpe sou motif sa. Tout moun k ap travay nan sant la dwe konsyan de sa. Nou pran pawòl Aimé Césaire ki di, “kolonizasyon = chozifikasyon” antanke alafwa yon obzèvasyon ak yon avètisman ki merite yon atansyon spesyal. SantRova egziste pou li bay jarèt ak yon mouvman pou leve defi ki enplike nan pawòl Césaire la. Se sa ki fè nou pran oserye tout kesyon ki gen rapò ak sa sa vle di ke Ayisyen se moun.

Nan SantRova, n ap adrese kesyon sa yo pandan n ap kreye yon anviwònman kote tout Ayisyen ka resevwa fòmasyon ak sipò ak tout onè, respè ak diyite sa mande. SantRova etabli pou l sèvi Ayisyen, sitou jèn Ayisyen. Nou jije tout atitid, konpòtman oubyen aksyon ki menase diyite, onè ak respè nenpòt Ayisyen anatèm ak espri SantRova. Moun ki pratike osinon ankouraje atitid, konpòtman oubyen aksyon sila yo pa gen plas nan SantRova.

refleksyon

+

aksyon konkrè

=

reflaksyon

=>

cleanup.jpeg

Reflaksyon

definisyon:

refleksyon ki oryante vè aksyon konkrè.

fòm vèbal: reflakte

Egzanp -

Annou reflakte!

kad konseptyèl 

Alphonse.jpeg

Akonplisman misyon SantRova egzije patisipasyon entegral chak moun kote chak eleman ki konstitiye pèsonalite a ap jwenn plas li. Kiryozite, dekouvèt, kreyativite ak kolaborasyon, ki reprezante misyon sant la, pa mache poukont yo. Yo chak depann sou prezans plizyè lòt eleman ki fondamantal nan eksperyans moun. Anplis, efè nan youn gen enplikasyon ki ka atenn tout pwofondè pèsonalite a. Pa egzanp, kiryozite, ki se dezi pou konnen, mache men nan men ak entelijans, ki se kapasite pou aprann ak konprann. Menm jan an, nou pa ka pale de dekouvèt san imajinasyon, kreyativite san konsyans osinon kolaborasyon san patisipasyon. Alò, nou ka karakterize entelijans, imajinasyon, konsyans ak patisipasyon antanke konstitiyan mond entèn pèsonalite a, tandike kiryozite, dekouvèt, kreyativite ak kolaborasyon dispoze pèsonalite a vè mond ekstèn nan. 

SantRova se fwi yon patenarya solid e vizyonè ! N ap travay ansanm pou nou sèvi Tirivyè, Ayiti ak tout limanite.

Logo_CWJL.jpeg
HIA LOGO Oct 2018_2.jpg
SantRova_building_edited.jpg
bottom of page