top of page

Depatman pou devlòpman ak fòmasyon timoun

Chèche verite ak bote se yon kad aktivite ki pèmèt nou viv tankou timoun pandan tout lavi nou.

Albert Einstein

Nan Depatman pou devlòpman ak fòmasyon timoun nan, n ap prepare timoun Tirivyè yo pou yon vi ki rich e pwodiktif. Atravè divès club tankou club syans, club echèk, club literè, elatriye, ansanm ak anpil lòt aktivite konstriktif, n ap inisye timoun yo nan yon tradisyon entèlektyèl ki ankouraje kiryozite ak panse kritik ki baze sou yon devosyon total ak laverite, bote, kolaborasyon ak jistis. 

WhatsApp Image 2022-03-03 at 9.13_edited.jpg

Depatman pou devlòpman ak fòmasyon timoun nan kanpe sou menm baz filozofik ki soutni misyon SantRova. Alò, tout aktivite depatman an yo ap bati sou menm chema psikospirityèl la.

WhatsApp Image 2022-03-04 at 5.03_edited

Gadot Joseph

Kowòdanatè
Shetteley.jpeg

Shetteley Valcin

Kowòdonatè adjwen
JennyF.jpeg

Jenny Flore Dalencour

Kowòdonatè adjwen

Men ekip la

Divès club nou yo

Club sa yo dezinye pou timoun premye ane fondamantal, senkan pou pi piti, uitan pou pi gran. Club yo ap rankontre yon fwa pa semenn nan lokal SantRova a. Chak club ap gen 12 manb maximum. Yon ekip ki gen ladan l yon kapitèn ak yon ko-kapitèn, ki soti nan Sosyete Amílcar Cabral, ap dirije chak ekip.

Gen twa tip club : 

  • syans

  • echèk

  • literati

Kòdonatè depatman an ap anonse lè enskripsyon ap fèt.

Frè divès

Frè patisipasyon pou club yo se 500 goud pa mwa. Yon timoun ka chwazi patisipe nan plis pase yon club, sèlman si gen plas vid nan yon ekip e si pa gen deman pou plas vid la. Okenn timoun pa ka fè pati plis pase yon club si gen demand pou plas vid yo. Yon timoun ki chwazi patisipe nan de (2) club alafwa ap peye doub frè mansyèl la. Chak club gen depans pa li, alò pa gen rabè ki asosye ak patisipasyon nan plis pase yon club.  

bottom of page