top of page
Depatman pou rechèch stratejik

Rechèch
Kat tach DPRS:
-
Konsèvasyon ak valorizasyon : n ap mete konesans ak sous konesans ki egziste deja yo anvalè
-
Rechèch ak entèpretasyon : n ap fè ankèt ak eksperimantasyon ki fasilite dekouvèt epi n ap entèprete ide ak pratik nou dekouvri yo
-
Revizyon : n ap analize ide ak pratik ki etabli deja yo anba limyè vizyon nou ak nouvo dekouvèt nou fè yo
-
Edikasyon : n ap mete kominote a okouran e pwopoze nouvo pratik pa mwayen piblikasyon, konferans ak seminè.
N ap byen kowòdone tout sa nou fè e n ap mete anpil swen pou nou devlope plan ki solid e ki vize lwen.
Stratejik

Yon ekip solid k ap fè yon travay solid !

Robenson Wachleche
Asistan rechèch

Stivenson Lamy
Asistan rechèch

Jenny Flore Dalencour
Asistan rechèch

Siméon Romélus
Asistan rechèch prensipal

Achelande
Asistan rechèch

Gadot Joseph
Asistan rechèch

Emmanuel Buteau, Ph.D.
Kowòdonatè
DPRS ap sitou apiye sou chema psikospirityèl sila a, ki konstitiye baz filozofik SantRova. Chema a dwe li kòm si chak eleman te yon pwen sou yon aks x ak y, kote moveman nan nenpòt direksyon, ke orizontal, ke se vètikal, revele yon lyen pandan l ap pwodui yon rezilta enpòtan.

bottom of page





